- Hudson Guillaume
- Oct 4, 2021
Depi plis pase 6 zan, (Centre de Lecture et d’Animation Culturelle) CLAC la ki te sèl grenn bibliyotèk piblik nan komin Plezans fèmen. Anpil demach fèt bò kote otorite konsène yo, men pwoblèm nan pa t janm ka rezoud akoz lokal ki te ebèje CLAC la pa t pwopriyete enstitisyon an.
Fèmti CLAC la gen gwo konsekans sou kominote a. Se te prensipal espas kote moun al li, fòme tèt yo, fè teyat, jwe jwèt ki pou pèmèt yo devlope kò ak lespri yo.
Nan lide pou pèmèt CLAC la tounen louvri nan komin Plezans, animatè bibliyotèk la nan tèt kole ak òganizasyon Plezans Pap Peri (PPP) , te tanmen yon ansanm demach pou abouti ak pwojè sila.
Pami demach nou te antreprann yo, yon chita pale ak kèk dirijan nan DNL ki se enstitisyon ki jere rezo CLAC yo te fèt jou ki te 26 Out 2020 an. Mete sou sa, dimanch 27 Septanm 2020, nou te reyalize yon gwo rankont nan lekòl kay frè a ansanm ak reprezantan DNL yo epi plizyè pèsonalite nan komin nan tankou direktè lekòl, kazèk, elatriye.
Ansuit, nou te tanmen yon seri dyalòg ak kèk otorite nan komin nan pami yo majistra ki te pwopoze nou ansyen lokal lekòl nasyonal gason yo. Malgre otorizasyon lameri te bay pou CLAC la kapab fonksyone nan lokal sila, animatè yo pa t janm rive gen aksè ak espas la akoz yon lekòl ki te gentan okipe batiman an. Direktè lekòl sila, Mèt Freumond pa deside fè yon pa kita yon pa nago sou pretèks li gen yon otorizasyon nan men li tou.
Sitiyasyon sa lakoz CLAC la poko ka louvri epi fonksyone nòmalman pou pèmèt elèv, etidyan ak pwofesyonèl nan komin nan gen aksè ak liv epi lòt dokiman nesesè pou fè lekti ak rechèch pandan etid yo. Pou rezoud pwoblèm sa a epitou, pou evite bibliyotèk la pèdi ansanm materyèl DNL gentan dispoze pou sant lan, responsab yo oblije ap chache yon lòt lokal pou yo lwe.
Apre anpil rechèch, animatè yo finalman jwenn yon espas. Ansanm ak PPP, yo kotize epi lwe li. Pwochèn etap la se fè amenajman, men sa mande mwayen ekonomik. Se poutèt sa, sant kiltirèl la mete sou pye yon kanpay pou mande solidarite tout moun Plezans ki santi yo konsène epi ki vle bay bourad yo nan fason yo kapab.
Pote kontribisyon pa w pou pèmèt CLAC la relouvri, se ede jenerasyon k ap vini yo jwenn yon espas pou pèmèt yo devlope kò ak lespri yo. Ou kapab kotize ak nenpòt sa w genyen pou ede ak pwosesis reouvèti CLAC la.
Pou w kontribye, ou kapab kontakte Direksyon CLAC la nan nimewo telefòn sa yo :3779-0101/4715-9629.